Kreyòl pale, kreyòl konprann
" Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl..." Atik 5 Konstitisyon an.
Paj sa a ap valorize epi fè pwomosyon lang Kreyòl ayisyen an. Li ofri enfòmasyon sou sa k ap fèt pou bay lang nan plis bourad.
Mwen pa lengwis, mwen pa spesyalis lang kreyòl e mwen pa mande pou Ayisyen pale kreyòl sèlman. Mwen vle senpman kreyòl la jwenn plas li merite nan peyi a. Chak lè mwen tande yon moun ki sou pouvwa a an Ayiti, ap pale ak tout Ayisyen, fè diskou, reponn jounalis... an fransè, mwen ap mande m ak kiyès l ap pale vre, paske pifò pèp la, pifò moun ki te al vote pou li yo, pa konprann langaj l ap pale a.
Anpil moun (se pa etranje non, pwòp noumenm) rabese kreyòl la. Yo maltrete l tou nan ekri. Mwen konn santi se yon fyète kay kèk Ayisyen, pou yo di yo paka li kreyòl oubyen ekri l. Ta gendwa se pa t fòt nou, si lè nou te lekòl, pa t gen kou kreyòl, yo pa t aprann nou li l, ekri l, pale l byen. Pou mwenmenm, se yon lang ki jèn e ki kontinye ap chèche l. Jiskounye a, m santi gen kafouyay, tout moun/oganis pako rive dakò sou òtograf la... Sa ki fè, anpil moun plis pèdi nan ekri a. Men se pa yon rezon pou efò a pa kontinye fèt pou amElyore ekriti a.
Sa ap deranje m si m pran prekosyon lè m ap ekri yon lòt lang, epi m pa pran l lè se pou kreyòl la. Mwen santi mwen rabese li. E si mwen rabese l, se pwòp tèt mwen, mwen pa bay valè. Se vre li pa fasil, lè nou grandi san nou pa t janm aprann yon bout kreyòl lekòl. Men yon lòt fwa ankò, avèk yon ti efò epi volonte, n ap rive ekri, li trè byen, lang manman nou an. Se sa k fè sit la vle mete limyè sou moun k ap pwodwi an kreyòl. Paske plis gen bon jan resous nan lang nan, plis moun ap ankouraje fè anpil bèl bagay nan lang nan. W ap jwenn kèk lyen sit wèb oubyen rezo sosyal yo, lis ekriven, eks (eksetera). ki ap voye lang nan moute.

Men chante Alfabè Kreyòl La. Se Mandaly Claude Louis-Charles ak Michel DeGraff ki konpoze pawòl yo, epi pou konpozisyon mizikal la, se Sanba Mandaly Claude Louis-Charles ak mizisyen Bemol Telfort, ki reyalize l.
Valorize Lang Kreyòl
Dekouvri enfòmasyon sou lang Kreyòl Ayisyen ak pwomosyon li nan tout fòm li yo.

